Byenveni
Kowalisyon Aprantisaj Prekòs Miami-Dade/Monroe a (Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe) se yon òganizasyon ki pa dèyè fè lajan, ki pran angajman pou li ofri tout timoun Konte Miami-Dade ak Monroe swen ak edikayson prekòs. Grasa yon latriye pwogram edikasyon prekòs ak pwogram volontè anvan jaden danfan, ki bon mache epi inovatè, Kowalisyon an sèvi plis pase 50.000 timoun, de 0 a 12 an, ansanm avèk fanmi timoun sa yo.
Yo te fonde Kowalisyon an ane 2000. Li fè pati yon gwoup 31 òganizasyon ki menm jan nan Eta Laflorid, ke yo mete sou pye nan kad Ak Preparasyon pou Lekòl la (School Readiness Act), ki fè tout sèvis aprantisaj prekòs Laflorid tounen yon sèl pwogram entegre.
Zòn Sèvis Nou
Voluntary Pre-Kindergarten (VPK) – VPK ofri timoun katran avansman nan lekti, matematik, langaj ak rapò sosyal. Pwofesè VPK ki kalifye itilize kourikoulòm ki apwopriye a devlòpman timoun yo pou edike timoun sa yo; yo prepare timoun yo pou jaden danfan epi an menm tan yo bayo dezi pou yo aprann. Pwogram sa a gratis pandan ane eskolè a epi pandan ete a, sa ki pèmèt tout timoun ak fanmi jwenn menm opòtinite pou siksè akademik.
Preparasyon pou Lekòl – Pwogram Preparasyon pou Lekòl ofri opòtinite edikasyon prekòs pou timoun, depi yo fèk fèt rive senkan daj, sitou timoun paran yo pa gen anpil lajan, timoun ki gen risk pou yo abize yo, neglije yo oswa esplwate yo; epitou timoun ki andikape. Pwogram nan etann pou timoun ki gen 6 a 12 zan, selon sa yo bezwen.
Sèvis Enklizyon – Sèvis Enklizyon prepare timoun ki gen bezwen espesyal pou jaden danfan. Sèvis sa yo gen ladan kourikoulòm espesyalize epi yo pran an konsiderasyon bezwen pèsonèl chak timoun; li bay yo edikasyon nan lekti, matematik, langaj ak rapò sosyal yo bezwen pou yo a menm nivo ak lòt timoun nan lekòl elemantè.
Evalyasyon Devlòpmantal – Atravè patnè byen kalifye li genyen nan kominote a, Kowalisyon an evalye devlòpman timoun, depi yo fèk fèt jiska 5kan daj. Yo rekòmande timoun sa yo pou sèvis ki apwopriye lè yo idantifye reta devlòpmantal lakay yo, pou yo garanti timoun yo resevwa atansyon espesyal yo bezwen an.
Kowalisyon an evalye tou anviwònman aprantisaj la nan sant avèk mezon swen ak edikasyon prekòs; li verifye ke pwofesè yo an mezi bay timoun yo bon kalite edikasyon epi aktivite ki gen valè nan yon anviwònman edikatif ki pozitif.
Asistans Teknik ak Mantò – Kowalisyon an ofri yon latriye sèvis sipò pou sant avèk mezon swen ak edikasyon prekòs, pami yo sèvis mantò endividyèl ak fòmasyon devlòpman pwofesyonèl, sa ki garanti ke estaf swen timoun nan byen ekipe pou prepare timoun yo pou jwenn siksè nan jaden danfan ak lekòl elemantè.
Kowalisyon an bay tou asistans teknik, tankou lisans, amelyorasyon kourikoulòm yo chwazi a, epi materyèl ki nesesè, sa ki anrichi kalite swen ak edikasyon timoun yo resevwa nan pwogram edikasyon prekòs yo.
Kalite Konte (Quality Counts), Sistèm Amelyorasyon Kalite Konte Miami-Dade – “Quality Counts” se yon sistèm evalyasyon volontè ki evalye pwogram aprantisaj prekòs selon estanda de wot kalite ki byen defini; li sèvi ak yon metòd evalyasyon senk etwal epi ofri sipò ak ankourajman pou ede pouvwayè yo atenn bi yo genyen.


